Kèk katastwòf frape san okenn avètisman, epi manm fanmi yo gendwa pa tout nan menm kote. Ki jan ou pral rete an kontak youn ak lòt? Ki kote ou pral rankontre? Kijan ou pral soti nan kay ou sizoka ta gen yon dife? E si yo evakye katye w la? Li enpòtan pou w fè yon plan, kounye a, yon fason pou w konnen kisa pou w fè, ki jan pou w jwenn youn lòt, ak kijan pou kominike pandan yon ijans.
![Close up of someone completing a kids emergency plan.](/sites/default/files/styles/large/public/2022-07/fam_emergency_planning_1_0.png?itok=9YKCwG9-)
Prepare Kounye a
Prepare yon plan kounye a yon fason pou w konnen kisa pou w fè ak kijan pou kominike nan yon ijans.
![a family building an emergency supply kit](/sites/default/files/styles/large/public/2022-07/build_a_kit_game_5.png?itok=EY4Aux7K)
Prepare yon Twous
Prepare yon twous ekipman pou ijans ak ase manje, dlo ak pwovizyon pou dire pandan plizyè jou.
![feature_mini img](/sites/default/files/2022-03/featured_illustration_mini_kids_home_finprep.png)
Preparasyon Finansye
Aprann kijan pou prepare fanmi ou sou plan finansye sizoka ta gen yon katastwòf oswa yon ijans.