Tinedjè ak lòt jèn ap ede fanmi yo, lekòl yo ak kominote yo prepare pou dezas yo. Yo ka lidè anvan, pandan, ak apre dezas yo. Kit ou fèk kòmanse aprann sou preparasyon, oswa ou vle rantre nan oswa kòmanse yon pwogram preparasyon pou jèn, oswa ou ap chèche materyèl pou anseye pwochen jenerasyon sou preparasyon pou vin lidè, w ap jwenn anpil opsyon nan paj sa a pou ede w aprann kijan pou prepare pou yon dezas.
Nou tout gen yon wòl pou nou jwe pou asire sekirite kominote nou yo. Ou menm tou, ou ka fè yon diferans!

Konsèy pou Preparasyon Jenès la
Èske w gen yon pasyon pou sèvis kominotè ak preparasyon pou katastwòf? Antre nan Konsèy pou Preparasyon Jenès la!

Tinedjè CERT
Antre oswa kòmanse yon Ekip pou Repons Ijans nan Kominote (Teen CERT)epi vin yon lidè nan kominote w.
Koleksyon Resous yo
Jwenn sa w ap chèche a-menm si ou poko sèten.

Opòtinite pou Jenès la
Opòtinite pou jèn yo devlope konpetans epi vin lidè. Eskplore

Lekòl Segondè
Resous pou elèv nan lekòl segondè yo. Eskplore
Plis pou Tinedjè yo

Lespri Katastwòf
Lè segonn ap konte, kisa w pral deside? Byenvini nan jwèt katastwòf la ki teste chwa w yo. Manadjè ijans yo te devlope jwèt edikatif sa a pou anseye elèv lekòl segondè yo kijan pou yo rete kalm epi pran desizyon solid pandan yon katastwòf. Antre nan mond Lespri Katastwòf.

Devlope Konpetans yo
Kou, fòmasyon, seminè sou entènèt yo ak Preparasyon pou Prezantasyon yo. Aprann Plis.